Disksyonè Kreyòl

Fè Mach Aryè

Òdinatè

Òdinatè: Yon machin, entelijan anpil, ki fè yon revolisyon nan fason moun kominike avèk lòt moun, avèk lòt machin e konsève tèks yo ekri. Gen anpil diferans nan òdinatè, men se de diferans ki pi enpòtan: Sèvitè avèk Pèsonèl. Malgre diferans sa yo, tout òdinatè gen senk pati sa yo: klavye, monitè, sourit, òdinatè a menm, avèk enprimè a. Moun rele tout senk pati sa yo òdinatè, men òdinatè a se kote ki resevwa kòmand klavye a avèk sourit la epi voye kòmand sa yo nan yon diskèt, yon enprimè ou byen nenpòt lòt machin byen lwen pandan li ap itilize yon liy telefòn. Machin sa pèmèt moun ekri nenpòt longè donkiman soti nan yon lèt pou rive nan plizyè milye fraz tankou yon liv. Yon moun ki itilize òdinatè pou ekri kapab mete nenpòt imaj nan tèks la e li kapab fè lèt yo nenpòt gwosè. Bagay yon moun ekri sou òdinatè kapab enprime sou papye ou byen konsève sou yon diskèt pou itilize yon lòt lè. Nenpòt tèks moun ekri sou òdinatè, machin nan kapab faks li, voye li sou fòm lèt-eletwonik bay yon lòt òdinatè, e latriye. Moun kapab itilize òdinatè nan plas televizyon, faks machin, aparèy telefòn, repondè telefòn e anpil lòt bagay toujou.